Pozisyon m sou koze konparezon ak lot peyi ki ogmante gaz la anpil moun ap pou jistifye ogmantasyon
- Admin
- 14 mai 2017
- 2 min de lecture
Mwen konnen li tre difisil pou gouvenman pa monte gaz la paske yo p'ap kontinye sibvansyone li akoz defisi bidjete a. Men mwen pa pataje konparezon anpil moun ap fe le yo ap konpare vil New York, Costa Rica ki monte gaz kom rezon pou li monte tou an Ayiti.
Premyeman sitiyasyon sosyo-ekonomik Vil New York ak peyi Costa Rica pa menm bagay ak Ayiti. Yo pa t sibi katastwof natirel tankou Ayiti ki te sibi siklonn Matthew an oktob 2016. Yo pa gen zon ki te sibi sechres, ki gen pwoblem sekirite alimante tankou nou menm nou gen sa nan plizye zon nan Grandans.
Dezyeman depi 2015 goud la devalye anpil devan dola ameriken an. Komesan an Ayiti deside monte pwodwi, machandiz chak mwa goud la pedi vale. Malgre gouvenman ki fek monte a sot enjekte plizye milyon dola pou pemet goud la stabilize li, komesan nan peyi isit pa janm bese okenn pwodwi malgre jodi a dola se 64 a 65 moun achte li. Anplis, Leta pa bay kouran elektrik sou yon baz regilye. Kidonk komesan yo itilize gaz ak jeneratris pou biznis yo ka woule. Endikate sa yo montre depi gaz la monte tout pri pwodwi pral monte tou e se nou menm sitwayen ki pral sibi tout konsekans yo. Mwen pa gen pwoblem pou gouvenman monte gaz la. Men m panse fok gen mezi ki pran pou ede popilasyon an paske sitiyasyon an konplike anpil.
Jodi a si gen timoun lekol ou bezwen plis pase 2 mil goud pa semenn pou mete gaz nan machin ou. Si w'al nan maket epi ou bezwen manje pliz ou mwen byen 5 mil goud pa sifi. Nenpot de twa ti pwodwi ou achte ou preske nan $200 dola US si w pa fe atansyon le w'al nan maket la. Gaz la ap monte, goud la p'ap stabilize l vre paske gouvenman p'ap ka kenbe konpa nan enjekte dola chak 2 ou 3 mwa pou anpeche l pedi vale fas a dola. Paran pral gen anpil difikilte pou fe fas ak ogmantasyon kou la vi a, yo pral gen difikilte pou bay timoun kob pou peye machin pou al lekol epi manje aloske sale yo ap touche a p'ap fe yon pa kita yon pa nago.
Tout enstitisyon pran preteks restriksyon nan bidgje yo pou pa bay anplwaye ogmantasyon. Se pou rezon sa yo mwen pa dako konperezon zanmi sa yo t'ap eseye fe nan desizyon gouvenman pran pou ogmante gaz la.
Comments