Pale an daki!
- Haiti-Actu
- 1 août 2017
- 2 min de lecture

Tankou pwovèb la di a si ou pa ka kriye pa fè grimas. Yon kolèg te di mwen lot jou: "pa kite okenn moun vin di w nou tout responsab nan de chwa ensanse sosyete a ap fè oubyen nan briganday moun ki ap dirije nou yo." Li di m asire ou travay byen nan jòb ou ye pou fè yon diferans, apre sa rès bagay yo se kite yo ale. Se kounye a m ap vin reyalize sans sa li di a paske isit tout bagay ou panse ki senp pou ou parèt konplike. Moun yo konplike. peyi a konplike.
Tout moun vle chanjman men yo pè pran brimad. Anpil fwa san nou pa rann nou kont se pè pran brimad yo ki pi gwo baboukèt la, ki konn klwazonnen nou nan prizon mantal epi vòle dwa lapawòol ou. M fin pa reyalize, meyè fason pou viv byen isit se fè sanblan. Ou fè sanblan tout bagay ap byen mache, ou fèmen bouch ou.
Mwen te gen yon ti liv ki rele "Education de la parole" m pa sonje kote m te jwenn ti liv la. Men ladan l gen yon chapit ki pale de empresyon ak enfliyans lòt moun konn gen sou chema mantal lòt. Pafwa ou konn wè yon bagay byen ou pou, ou kwè nan sa epi yon lòt moun sot kote l sòti li di w ah sa pa bon non. Si mantal ou fò, ou pran sa moun nan di a ou analize l, ou gade l pou wè sa ki pozitif ak sa ki negatif ladan l epi ou diskite ou di sa w panse. Si mantal ou fèb, otomatikman moun nan di w sa tout swit ou panike, ou chanje pozisyon sou tout sa w te kwè, sou tout sa ou te panse ki enpotan. Se kòm si ou pa t gen asirans nan sa w te kwè a oubyen ou te doute men ou te bezwen pozisyon yon lòt moun pou te fè w kwè ou te twonpe w. Si a chak fwa ou kwè nan yon bagay epi lòt moun fè w chanje avi sou sa fòk ou poze tèt ou kesyon. Se teknik sa anpil moun itilize pou fè ou pè épi fòse ou pale an daki, tounen yon ipokrit kote ou pa ka di sa ou panse oubyen bay tèt ou manti nan fè sanblan tout bagay ap byen dewoule. Sa pa vle di pou yon moun pa gen retni, pou pa evite blese moun nan sa w'ap di.
Enpresyone mantal moun pou fe w pè oubyen kouri se yon taktik ki egziste nan kominikasyon depi lontan. Se pa yon fenomèn nouvo. Sa egziste lontan. Se pou sa anpil moun prefere pale an daki pou pa fwase moun oubyen pa devwale ki kote yon kanpe. Konsa yo evite kritik ak moun ki ka fè presyon sou yo pou sa yo panse. Se sa ki fè li toujou bon pou fè la part des choses epi avanse nan goumen pou sa ou kwè. An Ayiti, se gen yon sosyete ki trè konsèvatè, ki pa twò renmen moun ki afime yo. Se pa san rezon pale an daki egziste an kreyòl. Kounye a li pi fè sans pou yon moun pale an daki olye li di ouvètman sa li panse.
Comentarios