top of page
Rechercher

Lajistis Entèdi Ansyen Minis Camille Edouard Jr, Yves Bastien Kite Peyi a

  • Photo du rédacteur: Admin
    Admin
  • 27 oct. 2017
  • 1 min de lecture

Komisè gouvènman Pòtoprens la, mèt Ocname Clamé Dameus, enpoze restriksyon vwayaj sou 2 minis ansyen gouvènman enterimè Prezidan Joceleme Privert a.

Chèf Pakè Pòtoprens la ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik fè konnen rezon ki fè li entèdi ansyen Minis Finans Yves Bastien ak ansyen minis jistis la mèt Camille Edouard Junior vwayaje se pou pèmèt li jwenn eksplikasyon sou kontra leta ayisyen te siyen ak yon antrepriz etranje epi sou disparisyon yon fon asistans pou prizonye yo.

Ansyen Minis finans gouvènman enterimè a, Yves Bastien, bò kote pal di li pa konprann rezon ki dèyè desizyon komisè gouvènman an menm si li rekonèt genyen yon ankèt kap mennen sou kontra leta ayisyen te siyen ak yon antrepriz etranje.

Sous: Voix de l'Amérique (Voice of America - VOA)

 
 
 

Comments


Faire un don avec PayPal

Partenaires

    Vous avez aimé mes articles ? Faites un don pour m'encourager à continuer !

© 2023 par "Flashinfo". Créé avec Wix.com

bottom of page