Sena Ameriken an Ratifye Diplomat Michele Jeanne Sison, Nouvèl Anbasadris Etazini ann Ayiti
- Admin
- 27 oct. 2017
- 1 min de lecture

Komisyon afè Etranjè Sena a ameriken an ratifye chwa Michel Jeanne Sison kòm nouvo anbasadX Etazini ann Ayiti.
Ratifikasyon sa afèt nan yon seyans nan Kongrè ameriken an jedi maten 26 oktòb 2017 la isit nan Washington D.C.Madam Sison ki genyen yon karyè diplomatik trè long nan rezime li, pa yon nouvo veni ann Ayiti kote li te deja okipe foksyon konsil jeneral.
Madam Sison te sèvi avan sa kòm anbasadè Sri Lanka ak Maldives soti lane 2012 pou rive nan lane 2014. Li te travay tou nan peyi Liban soti lane 2008 rive 2010 ak Emira Arab Ini 2004 a 2008.
Michele Jeanne Sison, anbasadè ameriken ratifye pou peyi Dayiti a. Foto 8 avril 2013- Voice Of America
Sou sa ki gen awè ak edikasyion, nouvèl anbasadris ameriken pou Ayiti a pwosede yon diplòm nan syans politik li te dekwoche nan Inèsitie Wesley. 15 lòt anbasadè ki jwenn ratifikasyon yo nan menm jounen jedi a devan Sena a pral reprezante Lèzetazini nan peyi Laoland, End, Djibouti, Vyetnam, Timor- Leste, Andora, Lalmay, Lasuis, Lyechtenstin, Kamewoun, Maritani, Angola, Zambi, Seychelles ak an Niger.
Sous: Voix de l'Amérique (Voice of America - VOA)
Commentaires