top of page
Rechercher

Etazini Deside Mete Fen nan TPS pou Ayisyen

  • Photo du rédacteur: Admin
    Admin
  • 23 nov. 2017
  • 1 min de lecture

Etazini bay ayisyen ki gen TPS yo 18 mwa pou fasilite tranzisyon an e pou pèmèt otorite ayisyen yo prepare pou resevwa sitwayen yo kap retounen nan peyi yo.

Depatman sekirite enteryè Etazini an anonse desizyon l pou l mete fen nan stati pwoteksyon tanporè a pou ayisyen. Desizyon sa a ap antre ann aplikasyon nan 18 mwa. TPS la ap fini pou ayisyen nan dat 22 jiyè 2019.

Otorite ameriken yo di yo pran desizyon mete fen nan TPS la pou ayisyen apre plizyè ajans nan gouvènman ameriken an te met ansanm pou fè yon revizyon sou sitiyasyon an nan peyi Dayiti ak kapasite Ayiti pou l resevwa sitwayen l yo kap retounen nan peyi a. Dapre tout enfòmasyon yo genyen, yo detèmine kondisyon ki te pèmèt yo bay ayisyen TPS la pa ekziste ankò. Poutèt sa, Etazii deside mete fen nan TPS la pou ayisyen. Lap fini nan dat 22 jiyè 2019.

Depatman sekirite enteryè Etazini an di gen anviwon 59 mil ayisyen ki gen stati pwoteksyon tanporè a TPS.

Sous: VOA


 
 
 

Commentaires


Faire un don avec PayPal

Partenaires

    Vous avez aimé mes articles ? Faites un don pour m'encourager à continuer !

© 2023 par "Flashinfo". Créé avec Wix.com

bottom of page