top of page
Rechercher

Zimbabwe: Prezidan Robert Mugabe Finalman Aksepte Bay Demisyon l

  • Photo du rédacteur: Admin
    Admin
  • 23 nov. 2017
  • 1 min de lecture

Prezidan Robert Mugabe, kap dirije Zimbabwe depi plizyè dizèn dane, finalman aksepte bay demisyon l apre li te fin pase anba pye dèle lame a te bali lendi 20 novanm 2017 la kòm dènye jou pou l te bay demisyon l si li pat vle fè fas ak destitisyon li sou pouvwa a.

Nan yon diskou Mesye Mugabe te pwononse nan televizyon dimanch 19 novanm nan, li di li pa gen entansyon fè yon pa kita, yon pa nago. Plizyè milyon sitwayen zimbabweyen ki tap suiv diskou a sou radyo ak nan televizyon te panse yo ta pral selebre fen rejim otokratik 37 tan Prezidan Mugabe a.

Anpil nan yo te sezi e menm kriye 2 ran dlo nan je, lè yo te tande lidè zimbabweyen an kap di li pral prezide kongrè pati Zanu-PF la nan mwa kap vinn la a. Non sèlman li pat mansyone mo demisyon an nan diskou a, men tou Prezidan Mugabe ki gen 93 zan sou tèt li e ki gen 37 tan anviwon sou pouvwa te demontre l pa pran o serye entèvansyon militè ki fèt nan Zimbabwe a.

Sepandan, jounen madi 21 novanm 2017 la lè responsab pati ZANU-PF a te anonse nouvèl la, pèp nan Harare, kapital Zimbabwe a pran lari pou yo selebre kontantman yo. Vis-Prezidan an, Emmerson Mnangagwa, Vis-Prezidan Mougabe te revoke a pral prete sèman mèkredi 22 novanm osinon jedi 23 kap vini an kòm nouvo prezidan Zimbabwe.

Sous: VOA


 
 
 

Comments


Faire un don avec PayPal

Partenaires

    Vous avez aimé mes articles ? Faites un don pour m'encourager à continuer !

© 2023 par "Flashinfo". Créé avec Wix.com

bottom of page