top of page
Rechercher

Pakistan Konvoke Anbasadè Ameriken an sou yon Tweet Prezidan Trump Ekri Kont Islamabad

  • Photo du rédacteur: Admin
    Admin
  • 3 janv. 2018
  • 1 min de lecture

Pakistan konvoke anbasadè ameriken an, David Hale, pou pwoteste kont akizasyon Prezidan Donald Trump lanse kont li pou di Islamabad bay teworis k ap goumen kont fòs amerikèn yo "fè ladesant lakay li", espesyalman nan zòn fwontyè li pataje ak Afganistan an.

Yon pòtpawòl nan anbasad Lèzetazini nan Islamabad di diplomat la resevwa konvokasyon pou prezante li nan ministè afè etranjè pakistanè a lendi 1 janvye 2018 la pou diskite sou mesaj mesye Trump mete sou kont Twitter li a.

Nan mesaj sa a, Mesye Trump ekri ak anpil mekontantman pou di, " Lèzerazini dekese---- nan yon demach moun fou--- 33 milya dola bay Pakistan pandan 15 zan ki pase yo, e se sèlman manti ak aksyon twou nan manch li jwenn an retou, paske Islamabad pran lidè Etazini yo kòm yon pakèt pou egare."

Sous: Lavwadlamerik (VOA)


 
 
 

Comentarios


Faire un don avec PayPal

Partenaires

    Vous avez aimé mes articles ? Faites un don pour m'encourager à continuer !

© 2023 par "Flashinfo". Créé avec Wix.com

bottom of page