Prezidan Moise Inogire yon Wout Kouvri ak Asfalt nan Kan-Peren
- Admin
- 3 janv. 2018
- 1 min de lecture

Prezidan Jovenel Moise te fè yon deplasman pandan wikenn nan nan Depatman Sid la nan kad reyalizasyon yon pwomès l te fè popilasyon Kan-Peren an pou l al remèt yo yon wout tou nèf.
Chèf deta a pran lapawòl nan okazyon an pou l di konstriksyon wout sa a se rezilta efò Leta ayisyen san okenn asistans entènasyonal.
Misye Moise, ki te lanse Karavàn Chanjman nan Gran Sid la sa gen kèk mwa-- repete volonte gouvènman an pou l konbat koripsyon nan admisistrasyon piblik la avèk serye e yon fèm detèminasyon.
Li deklare: "Lit kont koripsyon an se pa yon senp pwopagann."
Sous: VOA
Comments