Plato Santral Ap Pare pou l Resevwa Debakman Karavann Chanjman Jovenel Moise la
- Haiti-Actu
- 29 janv. 2018
- 1 min de lecture

Otorite kominal nan Sodo felisite mouvman Karavann Chanjman Prezidan Jovenel Moise la ki gen pou rive nan Depatman Plato Santral la 7 fevrye 2018 kap vini an.
Dapre otorite yo Karavann Chanjman nan Depatman Sant la pral konsantre sou demare wout agrikòl yo pou depatman an.Majistra Marie Andree Ruth Telus Renick fè kwè responsab kolektivite yo pwal kontinye travay ansanm pou rann Plato Santral tounen vèt ankò.
Majistra Mirebalè a,Lochard Laguerre, anonse antre yon seri materyèl nan vil Mibalè pou derape karavane la..Chak otorite nan sak konséne yo ap fé miz anplas pou sa dapre majitra a.
Prèke chak wikenn Prezidan Jovenel Moise twouve nan youn nan depatman peyi a pou l al sipèvize travay Kravann Chanjman deja reyalize oublyen pou al anonse rive kravann nan, yon pwogram ki dapre chèf leda ap abouti ak devlopman e pwogrè nan domè agrikòl la.
Sepandan, opozisyon politik la pa kwè karavann Chanjman ap abouti ak anyen kote yo fèkwè lajan peyi lokatè Palè Nasyonal la pa gaspiye.
Sous: VOA
Comments