ERÈ KILTIRÈL Peyi Dayiti aprè 1986
- Ralph E. François
- 6 mars 2019
- 3 min de lecture

“ l’ Affaire Emmett Till” - youn nan pi gwo evènman ki deklenche Mouvman dwa sivil Afwoameriken nan peyi USA. Map ilistre poukisa pi gwo erè KILTIRÈL Ayiti te fè aprè 1986, se pat kreye yon MIZE sou Enpak diktati a pou anrasinen ak sele memwa peryòd la nan Lakilti! Nou dwe egzije konstriksyon ak restitisyon memwa sa yo…. 29 lane pa 29 jou - Ministè a PRAL tounen “ Ministè Lakilti, Listwa ak Touris” ( chita sou liy politik ki anrasinen listwa ak memwa nan tout lavi piblik peyi a) Sèkèy sa a nap gade la a, ki ekspoze nan mize Afwoameriken sa a ki Washington lan, se sèkèy yon jèn afwoameriken ki te gen 14 lane ke 2 blan te asasinen 28 Dawout 1955 nan Eta Mississipi. Se youn nan listwa ki pi enspiran e ki pi tris mpa janm tande. Dokimantè fèt sou evènman sa a, fim, chante, lekòl elemantè nan vil Chicago kote l te fèt pote non Emmett, menm yon pati nan ri kote li te asasinen an pote non li.

Ti gason sa a ( Emmett Till) te ak maman li nan Chicago pandan li te deside al pase vakans fen Dawout nan Mississipi kay yon tonton li. Manman ba l’ yon pinga pou l di l’ atansyon ak kote sa a paske gen anpil tansyon rasis la. Misye te ale epi li te jwenn ti moun pou l jwe. Se pandan yo rantre nan magazen yon blan ki te rele Carolin, deblozay la pete. Blan an akize ti gason an ( tout lòt zanmi l yo te la) pou l di li ranse avèl, li fè l avans e li menm rale l nan senti li , li di l Cheri ( 60 lane aprè krim lan, Fi a di se manti li te fè ). kounya , Mari fi a ki pat la nan moman, lè li aprann sa , li pran yon frè li avèl, yo al pran ti gason an kay tonton li , epi yo mennenl nan yon plantasyon koton. Yo bat li byen bat, pete je l’, mete vantilatè koton an ki gen fè ladan l, nan kou li epi yo lagel nan rivyè tou vivan. Manman ti gason an fè yo transpòte kò pitit la Chicago pou li ( Mò a tèlman defigire, se jis nan lane 2005, tès ADN te vin konfime se Emmet Till vre). Palwa finèb la byen prepare kò a, epi li gen yon akò ak fanmi an pou yo klouwe sèkèy la ak yon pakèt klou pou li pa ka ouvri nan antèman an paske figi Mò a pa nan eta pou moun wè. Jou antèman an - 6 Septanm 1955), Manman Emmett ensiste ak anpil kòlè pou yo ouvè sèkèy la pou l ka wè pitit li a ( tout sa yon manman Ayisyen ta fè ). Pou pa gen deblozay , yo ouvèl epi plis pase 50000 moun te wè kadav la jou sa a, epi sa w tande , mouvan an pran chè nan Chicago.
Menm jou antèman yo akize 2 blan yo epi yo arete yo. Nan jijman an te gen 12 jire, tout te te blan. Jijman ak deliberasyon an pa menm dire 67 minit, yo akite 2 blan yo. Yo di yo te bat tigason an vre men yo pat tiyel. Lè yo fin lage, swivan prensip lalwa USA ki rele “double jeopardy act” ( yon moun pa ka jije 2 fwa pou yon menm krim), yo avwe se yo ki te touyel menm, men anyen pa ka rive yo ankò. Youn te mouri nan kansè aprè plizyè lane , e lòt la tou. Manman Emmett viv plis tan pase yo toulède.
Tigason an pat jwenn JISTIS jiskaprezan, men li gen yon POSTERITE, li Gen yon MIZE, li gen yon batay ki fèt sou non l’ ki te jwe yon gwo wol pou rive ak yon moun tankou OBAMA jodia. Menmsi DWA pa bay JISTIS, Travay MEMWA sou listwa se pi gwo ZOUTI kiltirèl yon mouvman, ak yon TWOMATIS yon pèp.
at the @National Museum of African American History and Culture nan Washington ( li etabli nan lane 2003) Many Thanks to Sultan Sooud Al-Qassemi for this visit👌🏿 Photo credit: The amazing Yale Fellow friend Thynn Thynn Hlaing👌🏿
Comments